Imajine mwen ofri w yonn nan kat kado sa yo:
- Yon Mona Lisa orijinal
- Kle yon Lamborghini tou nèf
- Yon milyonn dola vèt
- Yon parachit
Ou kapab pran youn sèlman. Kilès ladan yo ou tap chwazi? Avan w deside, men kèk enfòmasyon ki pral ede w pran yon desizyon ki saj : Ou dwe sòt nan yon avyon lage kò w anba nan yon wòtè 10, 000 pye
Eske w kòmanse wè klè? Se sa l ta dwe ye, paske ou bezwen parachit la. Se sèl sa nan kat kado yo ki ta kapab retire w nan dilèm sa. Lòt kado yo kapab gen lòt valè, men yo vin pa itil fas ak danje ki genyen nan vole anba sot nan yon wòtè 10, 000 pye. Konesans ou pral genyen an ta dwe reveye yon krent nòmal lakay w. Krent sa bon paske li ka sove lavi w. Sonje sa.
Koulye a panse ak kat pi gwo relijyon nou konnen yo:
- Endouyis
- Boudis
- Islam
- Krisyanis
Ki sa w tap chwazi? Avan w deside, men kèk enfòmasyon ki te ka ede w fè yon bon chwa. Tout tè a chita sou yon kesyon etènite. Nou tout ap mouri. Nou tout dwe pase pa pòt lanmò a. Se ka nan ven tan tankou nan si mwa osinon koulye a. Pou limanite, lanmò a se yon gwo degrengolad nan tou sanfon an. Kisa nou dwe fè?
Eske w sonje koman w te ye lè pou lage kò w anban ak yon sèten laperèz, laperèz ki ka ede w fè pi bon chwa ? Ou konnen sa fòs atraksyon tè a ka fè w. Nan menm fason sa, nou pral wè yon lòt lwa, gras a konesans ou gen sou li, ki pral ede w fè yon bon chwa, nan pi gwo pwoblèm lavi a. Rete swiv ak sonje kite laperèz sa a pote w ale.
