JANBE

Lè nou mouri, nou dwe fè fas ak sa yo rele “lwa peche ak lanmò a”1 Nou konnen lwa sa tankou “Dis Kòmandman yo”

An nou gade lwa sa ak wè kòman nou fè lè nou fè fas ak li jou jijman dènye a. Eske w te renmen Bondye anvan tout lòt bagay? Eske Li pot premye plas nan lavi w? Se sa li ta dwe ye. Li ba w lavi ak tout bagay ki chè a ou menm. Eske w renmen L ak tout kè w, nanm, lespri ak fòs ou? Se sa Premye Kòmandman an mande. Eske w vyole Dezyèm Kòmandman nan kreye yon lòt bondye nan lespri w ke w santi w konfòtab, ak kote wap di bondye pam nan se yon bondye ki gen renmen ak pitye, ki pap janm jete ankenn moun nan Lanfè. Bondye sa a pa egziste ; se yon bon jan imajinasyon. Pou kreye yon bondye nan lespri w (pwòp imaj w de Bondye) se yon bagay ke Labib rele zidòl. Moun kap sèvi zidòl pap antre nan wayòm Syèl la.

Eske sa rive w kote ou itilize non Bondye pou granmesi, tankou yon jouman pou montre degou w. Sa rele blasfèm. Bondye pran sa pou tout bon. Sa se vyolasyon Twazyèm Kòmandman an, Labib di Bondye pa konsidere inosan moun ki pran Non li an ven.

Eske w toujou renmen paran w tou bon vre, respekte jou Saba a ? Sinon, ou brize Katryèm ak Senkyèm Kòmandman yo. Eske sa rive w ou rayi yon moun ? Labib di :
« Nenpòt moun ki rayi frè li se yon kriminèl »2

Setyèm lwa a : Ou pa dwe fè adiltè. Men Jezi di nenpòt moun ki gade yon fanm ak anv komèt adiltè nan kè li 3 (Setyèm lwa a pale sou fònikasyon) Eske w pa kon anvi osinon fè adiltè ? Si wi, ou vyole Kòmandman sa a.

Ou kon bay manti? Vòlè yon bagay kelkanswa valè l? Si w fè sa ou se yon chèf vòlè. Bib la klè sou sa : Bouch kap bay manti se abominasyon devan Seyè a 4 paske Li se yon Bondye ki vrè ak sen. Eske w konvwate ak anbisyon zafè lòt moun. Sa se yon vyolasyon Dizyèm Kòmandman.

Next Page >


© 2007 Ray Comfort. All rights reserved ~ Graphics www.genesis-group.net ~ Website designed by Kiwiblue Design.
Login Back To Top